Victor Garcia da Rosa peye pou sa pou kongrè a.  

Contact Us | Privacy Policy 

Victor Garcia da Rosa 

Kandida pou kongrè 2020

561-262-9171

Victor Garcia da Rosa 

Kandida pou kongrè 2020

561-262-9171

Kongrè U.S

Kongrè U.S

Kongrè U.S

Kongrè U.S

Pwoblèms

Balanse bidjè

Generasyon kap vini yo dwe proteje de dèt ki te akimile pa generasyon ki te pase yo. Annefè, yon bidjè ki balanse se kle pou sipòte ak grandi yon ekonomi ansante. Yon bidjè ki balanse bay gouvènman limit pou depanse epi avèti eksè ak gaspiyaj. Victor kwè nan responsabilite sou depans gouvènman epi elimine Pratik ki lakòs gaspiyaj.

Taks

Victor sipòte taks kat ak akò travay repibliken an, osi senplifikasyon kòd taks la pou redwi chaj taks sou do ameriken toupatou. Taks kat pou koperasyon ankouraje grandisman salè reyèl, anretou, fasilite grandisman ak prevwa avantaj konpetitif nou bezwen pou n’ batay nan makèt mondyal la. Victor osi kwè nan kreyasyon yon lòt taks kòd pou tout ameriken ka peye yon taks ki egal epi fèmen gap kite pèmèt taks fròd ak bi nan ane pase yo. Victor kwè atravè limit sou depans gouvènman, taks kapab rezonab ak yon montan derizwa pou tout moun, ti biznis ak koperasyon. 

Politik etranje

Fòs ameriken se resilta ekonomik, militè, ak zanmitay nou nan lòt peyi yo. Pandan nap chèche asire kèk nivo de siperyorite, nou dwe entèvni nan zafè etranje epi fè sa sèlman lè gwo enterè ameriken yo an danje; Osi nou dwe limite èd etranje pou peyi ki gen volonte pou demontre bon plan ekonomik ak chanjman sosyal epi itilize benefis sa yo pou sitwayen yo. Nou dwe kanpe avèk alye nou Israel pandan nap toujou aji kòm entèmedyè nan misyon pou lapè nan Mwayen Oryan an.

Veterans

Victor kwè veteran nou yo merite plis, lap chèche kreye lwa pou pi bon opòtinite pou anpil ki te sèvi brav epi ki retounen lakay san opòtinite pou yon pi bon avni.

Byennèt

Victor gen konpasyon pou moun ki tonbe nan moman difisil. Li kwè ta dwe gen èd tanporè lè l’ nesesè. Annefè, li kwè nan eliminasyon byennèt a lontèm. Li kwè ranplase byennèt ak travay ap pote diyite, soutyen ak solisyon dirab kap benefisye sak gen laj pou travay, bay posibilite avèk granmoun pou jwenn zonti yo bezwen pou yo vin manm otonòm nan sosyete yo. 

Premye Amandman

Libète la powòl se yonn nan pi gwo pyon Etazini te poze kòm fondasyon. Victor kwè nan proteje premye amandman ak libète la pawòl epi anpeche gouvènman oubyen dirijan pou yo pa mal itilize pouvwa yo pou fè machanste avèk moun ki opoze yo. Annefè, menas oubyen apèl pou vyolans ta dwe pini sevèman epi prosekite kòm kriminèl. 

Dezyèm Amandman

Dezyèm amandman bay sitwayen ameriken dwa pou yo pote zam. Ameriken ki responsab ta dwe gen dwa pou posede pwòp zam yo pou proteje tèt yo kont danje oubyen itilizel pou lachas oubyen espò. Annefè, li vrèman enpòtan ke zam pa tonbe nan men vakabon. Victor sipòte bakgraon chèk inivèsèl pou tout moun. Osi li sipòte ide pou yo itilize lajan taks pou kenbe lekòl an sekirite atravè mezi de pwoteksyon. 

Imigrasyon

Victor kwè nan yon prosès imigrasyon ki senp pou moun ki kalifye ka rantre legalman epi pote patisipasyon pa yo nan kilti ak avni ekonomi ameriken an.

Kontwòl fontyè a

Ivone, madanm Victor ki soti Meksik te rantre nan Etazini legalman. Victor kwè fèmman ke kontwòl fontyè a ak imigwasyon ta dwe 2 pwoblèm separe. Pandan nap fè refòm ki nesesè, fontyè a pa sèlman yon andwa de kwazman pou moun kap rantre legal pou vin chèche lavi miyò menm jan ak madanm mwen, men se andwa kriminèl yo itilize tou. Yon fontyè ki gen sekirite enpòtan pou diminye dwòg ak trafik moun. Annefè, Victor osi kwè nou ta dwe itilize teknologi tankou satelit ak siveyans dwonn nan tan modèn nan pou solisyone pwoblèm sekirite fontyè a.

Avòtman ak prezèvatif

Avòtman se yon chwa difisil ak pèsonèl ke anpil fanm pran. Pandan ke Victor vrèman lwayal anfavè lavi nan kwayans pèsonèl li, li aksèpte avòtman sèlman nan ka ki ekstrèm, tankou pou sove lavi manman an. Pandan li di sa li kwè ke tout moun gen dwa Bondye bay yo pou chwazi pou tèt yo epi li respekte dwa yon moun genyen pou chwazi. Victor osi kwè nan kreyasyon pwogram finansye ki ankouraje fi yo pou bay pitit yo nan adopsyon kòm yon altènatif pou evite avòtman. Victor kwè konpayi asirans yo ta dwe kouvri prezèvatif epi kourikoulòm lekòl yo ta dwe edike elèv sou seks ak abstinans.